Nerliyou

Kreyòl Ayisyen, istwa, lang ak kilti.

Fanm kreyòl

Mo Kreyòl la soti nan mo « criollo » ki te vle di pitit tè a (yo te vle pale de tè kolonize yo), lang lan ki fèt sou tè kolon blan yo te vle konkeri a, te pote menm non an. Kreyòl Ayisyen an, sòti nan kontak plizyè pèp nan peryòd lakoloni (mèt, esklav, travayè…elatriye). Lang sa kreye nan nesesite pou moun divès rejyon sa yo kominike (Endyen, Ewopeyen, Afriken…) men majorite lang lan sòti nan Lang fransè yo. Lang kreyòl la vin ofisyèl pou peyi a nan lane 1987 kote Atik 213 konstitisyon an te gentan prevwa enstalasyon yon akademi sou teritwa. Men, se jis nan lane 2014 nou vin gen Yon Akademi Kreyòl Ayisyen AKA bay tèt li misyon pou li defann lang kreyòl ayisyen an pou yo aksepte li jan sa dwe ye « yon zouti pou devlopman dirab ». Gen anpil lengis tou ki pa dakò pou lang lan kontinye rele « kreyòl » men pito « Ayisyen » menm jan ak tout lòt lang ki soti direkteman de yon pèp (France ; Français Portugal ; Portugais…). Pale Lang manman nou se aksepte nou kòm pèp se fè konprann, pa gen lanng ki pa lang pase lòt. Lang kreyòl Ayisyen merite respè kòm yon lang ofisyèl, li se yon zouti pou devlopman peyi a. Lang kreyòl Ayisyen enpòtan nan kilti ak lavi chak moun nan peyi a, li se yon pati entegral nan idantite nasyonal Ayisyen yo.

Pou sa ki gen pou wè ak kilti, Kilti kreyòl Ayisyen an se yon kilti rich ak dinamik ki evolye atravè tan :

1. Se Yon kanaval Kiltirèl : Kilti kreyòl Ayisyen an se yon melanj kiltirèl ki soti nan divès sous kiltirèl ki te rankontre nan peyi a nan tan lakoloni. Li enkòpore eleman nan kilti endijèn yo, kilti Ewopeyen (souvan Fransè), ak kilti Afriken. Sa a sezi yon espiral kiltirèl ki kreye yon idantite ki inik.

2. Literati Kreyòl : Literati kreyòl Ayisyen an jwe yon wòl enpòtan nan evolisyon kilti a. Ekriven kreyòl yo, tankou Jak Woumen, Rene Depès ak Edwij Dantika, te kontribye nan fòmasyon kilti literè kreyòl la.

3. Koulè Atistik: Mizik, dans, ak atizay te toujou yon pati enpòtan nan kilti Ayisyen an. Atizana, rara, vodou… kontribye nan idantifikasyon ak evolisyon kilti a.

4. Relijyon ak Tradisyon : Relijyon Vodou jwe yon wòl enpòtan nan kilti kreyòl Ayisyen an. Li enkòpore eleman nan relijyon Afriken yo avèk eleman nan katolisis. Tradisyon vodou yo ak rityèl vodou se yon pati enpòtan nan kilti peyi a.

Nou pap pale de bote kreyòl san nou pa pale de fanm ak gason kreyòl yo. Pa gen kilti san pèp e nasyon sa a pa bouke bay bèl fanm (nou sonje choukoun ? Al mande Osval Diran) ak gason kanson ki pou leve peyi a.

Men kèk karakteristik ki ka dekri fanm kreyòl

  • Detèminasyon:souvan detèmine pou pran desizyon ki mennen yo nan siksè nan divès domèn, tankou edikasyon, biznis, politik…
  • Polivalan: yo gen kouraj e rive konekte plizyè bagay a la fwa, e yo rive fè ekselans lan avèk anpil kreyativite.
  • Defans Dwa Fanm : Yo angaje nan kòmite pou dwa fanm ak jistis sosyal ak kontribye nan kapasite fanm nan peyi a jwenn pi bon kondisyon lavi.
  • Fanm kreyòl nan bote yo yo reprezante yon fòs nan devlopman ak pwogrè Ayiti, ak yo fè diferans nan divès domèn ak kontribye nan richès kiltirèl ak ekonomik nan peyi a.

Gason kreyòl yo menm se senbòl kouraj, « nou se gran blak », yo detèmine pou yo atenn objektif yo, yo entelijan e plen estrateji pou yo reyisi, yo gen anpil konviksyon e yo pa pè Moun (yo pa achte figi moun), yo gen anpil cham, pap gen kilti kreyòl jan l ye a san nonm kreyòl yo ki twone nan kesyon bèl bwa kale (top 5 plus belles bites).

  • redaction : ETIENNE Nerline
  • Image : LynsDesign, graphpic, kikoteevent, Ayfrica.
lang ak kilti kreyòl se zafè pa nou.

Commentaires

Une réponse

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *